Timoun Yo

John Steve Brunache

Compositor: Não Disponível

Timoun nan breya
Timoun lafòsèt, sentelèn, lasalin
Timoun Raboto
Zanfan site yo, janrabèl, plenn Dedin

Timoun nan mapou
Timoun kat chimen
Timoun lakou foumi yo
Zanfan kafou yo

Chak jou k' beni lè solèy la leve
N'ap rele la
Chak nwit modi lè zetwal y'ap file
N'ap tonbe la

Timoun yo fè lagè
Kache nan simityè
Yo manje nan lari
Yo dòmi sou lapli

Pitit malerèz vandal yo touye yo lage nan chanye
Pitit peyizan yo touye nan Fon bwa bay kò yo fè fimye
Pitit bwasewòs po zenga kwatchòkò la
Timoun gwanntanamo yo ekzile
Zanfan lanmè manje yo

Chak jou k' beni lè solèy la leve
N'ap rele la
Chak nwit modi lè zetwal y'ap file
N'ap tonbe la

Timoun yo fè lagè
Kache nan simityè
Yo manje nan lari
Yo dòmi sou lapli

Timoun yo pa gentan danse ibo
Yo pa gen tan danse kongo
Nan lago delivrans sou chimen bò lakay
Koukouwouj bare yo
Koukouwouj bare yo
Koukouwouj bare yo

Timoun yo pa gentan danse ibo
Yo pa gen tan danse kongo
Nan lago delivrans sou chimen bò lakay
Koukouwouj bare yo
Koukouwouj bare yo
Koukouwouj bare yo

Yo pa gentan danse ibo
Yo pa gen tan danse nago
Nan lago delivrans sou chimen bò lakay
Koukouwouj bare yo
Nan lago delivrans sou chimen bò lakay
Koukouwouj bare yo
Timoun yo
Timoun yo

©2003- 2025 lyrics.com.br · Aviso Legal · Política de Privacidade · Fale Conosco desenvolvido por Studio Sol Comunicação Digital